Pou-w kapab wè youn jij, ou dwe ranpli youn petisyon pou mande biwo-a pran youn desizyon osijè kèk koze. Si-w genyen youn pwoblèm kont youn moun, ni ou menm, ni moun nan yo konsidere nou tankou de pati pwoblèm nan. Lè se ou menm ki kòmanse youn ka yo rele-w petisyonè sa vle di moun ki fe demand la, e lòt moun ki konsène nan pwoblèm nan rele repondan sa vle di moun ki gen pou reponn nan. Si-w te resevwa youn papye ki konfòm ak lalwa kòm kwa dire youn lòt moun ta vle trennen-w devan lajistis, lè sa-a se ou menm ki repondan-an, paske se ou gen reponn.
Kijan Pou Komanse Youn Ka
Kijan pou-m kòmanse youn ka?
Kijan de pwoblèm biwo jistis lafanmy tande?
- Timoun yo abize oubyen neglije
- Adopsyon
- Sipò pou timoun
- gad timoun
- Gadyen/Gadyen kap tan-n
- Delenkans jèn yo
- Lòd pou Pwoteksyon
- Patènite (Lòd filyasyon)
- PINS (Moun ki bezwen sipevizyon)
- Sipò pou madanm
- Dwa pou resevwa ak rann vizit
- Plasman volontè youn timoun nan ”Foster care” ki vle di (youn kay ki ka akeyi-l).
Kijan pou-m louvri youn dosye?
Eseye rive nan biwo jistis la bò zòn 8è 30 konsa nan maten. Ou kapab genyen pou tann nan youn liy ki kong anpil pou pase andan youn detekte an metal, e pi bone ou rive li pi bon pou ou. Pote youn plim ak kek koze pou pandan wap tann.
- Si pwoblem pa-w la se osije timoun kap nan Broklyn epi yo pa nan byenet sosyal (welfare), ale nan sal 157.
- Si pwoblem ou-an se osije sipo pou timoun ki nan asistans piblik kap viv nan Brooklyn wap gen pou ale nan Dekalb Avenue #80. Se sal kote resevwa demand pou inite ranfosman sipo pou timoun. Wap konnen si pitit ou-a nan asistans piblik si papye-w la genyen tit sa-a: City of New York o/b/o (mother’s name) v. (your name)
- Pou plase youn timoun nan youn kay ki kapab akeyi-l de fason volonte, ale nan Administration for Children’s Services (ACS), nan lang pa nou administrasyon pou sevis timoun.
- Si-w vle pote pwoblem ki pike kont youn timoun ki genyen mwens pase 16 lane, ale nan sal pwobasyon kote yap pran enfomasyon sou moun nan ki nan 156 premye etaj la.
- Si-w gen laperez paske ou an danje kote youn manm fanmy-an oubyen lot paran timoun nan kapab fe-w dimal, ou kapab mande pou youn lod pwoteksyon. Pale ak moun ki nan (Safe Horizon yo ki nan sal 576 nan 5em etaj la) yap ede-w nan pwosesis la, osinon ale direkteman nan sal petisyon–an 318 ki nan (3em etaj la). Jij la ap we-w jou sa-a, e lap deside si pou-l ba-w youn lod pwoteksyon pou youn tan. Lod sa-a bon sito ke lot pati-a resevwa-l, e lap dire jiskaske ou menm ak lot pati-a retounen lajistis.
Pou tout lot kalite pwoblem, ale nan sal petisyonan epi di anplwaye biwo-a pou ki kalite pwoblem ou vle pote plent. Lap ba-w youn fom pou ranpli e tounen-l ba li. Apre ou fin remet fom nan rete chita tann pou yo site non-w. Anplwaye-a ap tape petisyon-w la nan machin. Wap oubyen we youn jij jou sa-a menm ou byen yap ba-w youn papye pou lot pati-a ak tout youn dat pou tounen lajistis. Anvan ou kite biwo jistis la, asire-w ke ou genyen tout enstriksyon sou sevis ak tout papye ki nesese pou sa. Gade nan panfle Family Legal Care la sou koze papye ki sevi lajistis la.
Kisa pou-m pote nan biwo lajistis la?
Ale bone nan maten nan biwo lajistis la jou ou sipoze tounen-an epi pote kek koze pou li oubyen pou fe pandan wap tann. Eseye pa mennen timoun ou yo ak ou. Genyen youn gadri ki nan premye etaj biwo lajistis la nan sal 131, men li selman disponib pandan ou andedan biwo-a. Si se posib, kite timoun yo lakay oubyen youn kote yo ka gade yo.
Pote youn kopi petisyon-w la ak afidavit notarye sevis la. Pote tou nenpot lot dokiman ki konsene ka pa-w la. Ladan yo kapab genyen ak nesans, ansyen lod lajistis, foto, rapo polis, rapo lekol oubyin kopi money orders, etc.
Kisa-m dwe fe le-m rive nan biwo lajistis la?
Biwo jij la rele “Part”. Le-w rive nan biwo lajistis la, ale direk sou etaj kote biwo jij la ye-a. Si-w pa konnen kote-w prale, mande ofisye ki anba-a. Si-w bliye papye-w yo ou kapab ale nan sal anrejistreman pou fe youn gade nan dosye-w. Sal anrejistrman-an se nan sal 419 nan 4em etaj.
Le-w rive anwo-a, wap we youn ofisye ki abiye ak chemiz blan tou pre biwo jij la. Di ofisye-a ke ou la e ke ou pare. Rete nan sal kote moun ap tann nan jiskaske yo rele-w.
Pi fo ka yo ki gen a we ak timoun pran youn bon kantite randevou lajistis sou plizye mwa anvan yo rezoud yo. Pa sezi si jij la pa pran youn desizyon touswit. Yo pemet ou pou pran youn avoka. Si ou pa peye youn avoka, ou kapab elijib pou gen youn ke biwo jistis la va ba –ou (eksepte nan pi plis odisyon sipo pou timoun).
Odisyon-an li menm kapab tre kout. Jij yo tande plis pase 80 ka nan youn sel jounen, kidond yap vle pou di egzakteman sa ou genyen pou di-a. Jij la kapab fe youn kanpe-w. Prepare-w pou prezante ka pa-w la pi kle posib. Sa ede anpil le-w ekri sa-w vle di jij la anvan-w vini nan biwo jistis la, konsa ou sonje tout bagay, men kenbe deklarasyon-an kout, epi asire-w ke-w pale selman osije pwoblem ki rive jou sa-a. Plis ou genyen prev pou kore deklarasyon-w la, plis li pi bon pou ou. Pote nenpot ki papye osinon lot koze ki ka pwouve ka-w la avek ou. Si-w gen temwen, vini ak yo. Jij la kapab kite yo pale.
Youn fwa ka pa-w la fini, jij la ap mete youn lod deyo. Fe fotokopi yo epi sere youn kote an sekirite. Ou kapab vle gade sou ou tou tan lod pou pwoteksyon ou byen lod pou gade/ lod pou rann vizit ou aksepte vizit. Ou dwe obeyi lode lajistis yo, sinon wap vyole lalwa. Yo kapab kenbe-w nan dezobeyi lajistis(e yo kapab arete-w) pou violasyon lod jij la. Anvan ou kite biwo jistis la, asire-w ke-w konprann egzakteman sa yap tann de ou konsa ou kapab konfome-w ak lod la. Si se youn lod final, li toujou rete valab jiskaske jij la pran youn lot lod. Si se youn lod pou youn tan konsa, li fini apre youn seten tan (oubyen sou seten evenman oubyen sou youn seten dat). Ou kapab genyen pou tounen nan biwo jistis la pou jijla kapab pran youn lot dispozisyon. Si-w pa dako ak desizyon youn jij ou kapab rele li nan “Appeal Division” kou siprem nan. Jeneralman ou bezwen youn avoka pou sa. Ou dwe pase ak youn osinon ale nan biwo klek la nan sal 42 pou plis enfomasyon sou kijan pou aplike pou youn apel.
E si mwen pa kapab ale nan biwo jistis la pou dat yo te ban mwen-an?
Ou dwe ale nan biwo jistis lafanmy anvan dat yo te ba ou-an epi pote youn let ki eksplike poukisa ou pa kapab reponn a randevou yo te ba ou-a. Pote let la nan biwo klek la. Yap kole let la ak dosye-w e jij la ap li-l KIJAN POU KOMANSE YOUN KA jou yo te ba-w randevou-a. Ou dwe kontakte biwo-a apre pou konnen ki sa ki pase. Si-w pa NAN BIWO JISTIS LAFANMY paret nan biwo-a jistis nan dat ou te dwe paret la epi biwo-a pa konnen poukisa, jij la kapab pran BROOKLYN NAN youn lod deye do-w osinon femen ka pa-w la si se ou menm ki te louvri-l.
Travay avek avoka-w
e pou pran youn wol aktif nan ka pa-w la. Avoka-w la kapab konnen lalwa, men peson pa konnen sitiyasyon-w la tankou ou menm ou konnen-l. Eseye eksplike koze-a pi kle e pi direk posib. Avoka-w la kapab konnen lot avoka ki travay sou ka pa-w la ak lot moun tou nan biwo jistis la, paske anpil avoka travay avek menm moun yo chak jou. Men avoka-w la reprezantew, e tout koze ou diskite ak li rete konfidansyel. Avoka-w pa kapab pran pyes desizyon osije ka pa-w la deye-w oubyen san pemisyon-w.
Dokiman sa-a pa dwe ranplase youn konsiltasyon avek youn avoka. Family Legal Care ankouraje tout moun kap travay nan koze jistis lafanmy ak system byenet sosyal timoun pou konsilte youn avoka.